Les rendez-vous de l'ICKL

Les listes de l'ICKL

Nouveautés - Cliquez ici pour vous enregistrer sur la liste des nouveautes du site et d'autres activites de l'ICKL

ForumPaysan - Cliquez ici pour vous enregistrer sur la liste du forum afin de recevoir les documents appropriés


 

Chapo pou Revolisyon Ayiti ak Revolisyon Kiba
Pozisyon MODEP, CHANDEL, TET KOLE
Posté le mercredi 31 décembre 2008 par icklhaiti

ONÈ AK MERIT POU ZANSÈT YO NAN OKAZYON 205 LANE REVOLISYON 1804 LA AK PÈP KIBEN AN AK DIRIJAN LI YO, NAN OKAZYON KOMEMORASYON SENKANTYÈM ANIVÈSÈ REVOLISYON PREMYE JANVYE 1959 LA.

Premye janvye 1804, premye janvye 2009 fè egzakteman 205 lane depi zansèt nou yo te wete nou ak peyi a, anba grif peyi Ewòp yo, anpatikilye Lafrans. Batay pou lendepandans lan, se te yon batay zansèt nou yo te mennen kont kolon yo, pou soti anba esklavaj epi konstui yon nasyon ki granmoun tèt li. Men, pwojè liberasyon total Kapital mas esklav yo te kanpe nan wout. Li te akouche yon revolisyon gwo trip vale ti trip anba kontwòl gwo chèf ki te nan lame endigèn nan. Mas esklav yo ki te nan batay la, rive kase chèn lesklavaj, men yo pat rive kase chèn dominasyon ak lesplwatasyon nèt alkole. Apre lendepandans, mas esklav yo lage de bra balanse san tè pou yo travay. Pifò nan yo blije al travay preske tankou esklav sou tè yon seri gwo Ewo ki te vin tounen grandon ki te gen nan men yo pifò tè yo. Kidonk, batay pou liberasyon total kapital mas esklav yo fware depi nan wout. Malgre batay sa a pat fin fè chimen li jan mas esklav yo te vle l la, revolisyon 1804 la te rete kanmenm yon modèl pou tout batay pou liberasyon sou latè. Revolisyon sa a te gen enfliyans li sou batay anpil lòt pèp. Sèten nan zansèt nou yo te menm al pote konkou nan batay lòt pèp sou latè ap mennen tankou pèp Etazini, Venezyela, Bolivi, Kiba elatriye.

Pandan n ap selebre 205 lane endepandans nou an, n ap salye tout pèp Kiben an ki te rive tanmen yon kokenn chenn revolisyon sosyalis, premye janvye 1959. Premye janvye 2009 la fè 50 lane depi yon gwoup revolisyonè ki te genyen nan tèt li Fidèl Kastwo ak Ernesto Che Gevara, dechouke diktati Batista nan peyi Kiba. Depi lè sa a, dirijan yo tabli yon rejim sosyalis nan peyi Kiba, anba direksyon pati kominis Kiben an. Yon lòt fwa ankò, nou wete chapo devan dirijan kiben yo, pou kouraj ak detèminasyon yo nan dirije peyi granmoun sa a, ki rele Kiba.

Nan okazyon komemorasyon senkantyèm anivèsè revolisyon mas pèp Kiben an, nou menm divès òganizasyon popilè Ayisyen, nou voye nòt sa a, kòm yon gwo senbòl solidarite pou kontinye apiye revolisyon an. Nou pap janm rate okazyon pou n bat gwo bravo pou Kiba, yon ti peyi nan karayib la, ki bay mons yo rele Etazini an, yon gwo defi pandan 50 lane. Se poutèt sa, nou di :

-  Onè ak merit pou tout revolisyonè nan peyi Kiba, espesyalman pou kanmarad Fidèl ak Rawoul Kastwo.

-  Onè ak merit pou memwa pi gwo revolisyonè ventyèm syèk la, Che Gevara

-  Onè ak merit pou tout konbatan ki te fè faskare ak envazyon militè gouvènman ameriken nan peyi Kiba nan lane 1961

-  Onè ak merit pou mas pèp la ak gouvènman Kiben an ki reziste anba anbago kriminèl gouvènman ameriken mete sou peyi Kiba pandan plis pase 40 lane epi ki reziste kont tout atanta CIA, sèvis siveye rapòte gouvènman ameriken ak egzile Kiben k ap viv Etazini, planifye, epi reyalize kont Kiba, ki reziste kont machin pwopagann k ap bay fo enfòmasyon sou peyi Kiba.

-  Onè ak merit pou modèl koperasyon entènasyonal gouvènman Kiben an devlope ak lòt peyi ki chita sou respè ak dwa granmoun peyi yo. Yon koperasyon ki pa chita sou esplwatasyon, dominasyon ak kòripsyon.

Noumenm (MODEP, CHANDEL, TET KOLE), ki siyen nòt sa a, nou kwè gen nesesite jounen an, pou mas yo anjeneral, militan ak òganizasyon konsekan, ranmase pwojè liberasyon total kapital mas esklav yo pou kontinye batay la jouk nou rive tabli yon sosyete sosyalis, jan pèp kiben an rive fè l la. Nan sans sa a, li enpòtan pou nou konstui yon veritab fòs nan kan pèp la, pou mennen batay sa a. Ane 2009 la, dwe pou nou yon ane batay pou vanse nan kalite pwojè sa a pandan n ap batay kont grangou, lavichè, chomaj, okipasyon ak tout pwojè enperyalis la vle tabli nan peyi a.

Pou fini, nou menm, òganizasyon popilè ki siyen nòt sa a, nou mande pou nouvo gouvènman ameriken an :

Leve anbago kiminèl li a sou tèt peyi Kiba epi lage 5 prizonye politik Kiben yo ki nan prizon Etazini.

Pou :

Tet Kole : Rosnel JEAN-BAPTISTE

CHANDEL : Rosemond JOSEPH

MODEP : Guy NUMA

icklhaiti [ICKL HAITI]



 

ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75 - HT 6120, Delmas, HAÏTI
Tel : (509) 2816 7249 - E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL